NOW ENROLLING PHASE 3

Now Enrolling Phase 3

Konsènan etid rechèch klinik AMPLITUDE la

Gen yon nesesite pou jwenn yon tretman ki atake kòz ki alabaz pwoblèm ren yo. Èske w ta ka patisipe nan etid rechèch klinik AMPLITUDE la pou w bay èd ou?

Poukisa nou bezwen rechèch klinik pou maladi ren?

Byenke gen tretman ki disponib pou soulaje sentòm maladi ren APOL1 pwovoke, pa gen okenn tretman apwouve kounye a ki atake kòz alabaz la. Tip maladi ren sa a egziste nan fanmi tou. Se poutèt sa, rechèch klinik enpòtan pou eseye jwenn yon posiblite tretman ki atake kòz alabaz la epi ki amelyore kalite lavi moun ki ap viv avèk pwoblèm ren, epi pou ki gendwa benefisye jenerasyon k ap vini yo.

Etid rechèch klinik AMPLITUDE la

Etid rechèch klinik AMPLITUDE la ap evalye sekirite yon medikaman etid eksperimantal epi ak ki efikasite li aji pou trete maladi ren APOL1 pwovoke, ki ede ogmante konesans sou maladi ren kwonik epi pèmèt gen posiblite pou kreye tretman pou jenerasyon k ap vini yo. Y prevwa pou apeprè 466 moun patisipe epi yo estime etid la pral kontinye pandan jiska 4 ane.

Kisa etid la pral gen ladann?

Ou pral gen yon randevou nan sant etid la, oswa ou ka gen opsyon pou yon founisè sèvis sante lakay vizite w oswa pou w gen vizit mobil (a distans). Pral gen plis randevou nan premye semèn yo pandan y ap entwodui w nan etid la, apresa w ap gen yon vizit ki pwograme apeprè chak 8 semèn. Anvan w antre ladan, y ap ba w yon fòm konsantman reflechi ansanm ak lòt dokimen pou di w egzakteman kisa ki pral genyen pandan tout etid la.

Apwopo medikaman etid eksperimantal la

Yo rele medikaman etid eksperimantal ki nan etid rechèch klinik AMPLITUDE la VX-147. Yo te teste l nan lòt etid avèk volontè an sante epi moun ki gen yon tip maladi ren sanblab.

Poukisa yo rele medikaman etid la eksperimantal?

Yo rele medikaman etid la ‘eksperimantal’ paske otorite sante yo, tankou Ajans Etazini pou Kontwòl Manje ak Medikaman (United States Food and Drug Administration, FDA) ak Ajans Ewopeyen pou Medikaman (European Medicines Agency, EMA) poko apwouve l pou trete maladi ren kwonik. Etid rechèch klinik sa a pral ede chèchè yo konprann sekirite medikaman etid eksperimantal la epi ak ki efikasite li fonksyone, epi li ka ede nan tretman maladi ren kwonik pi devan.

Èske m ap resevwa medikaman etid eksperimantal la si m patisipe?

Si w chwazi pou w patisipe nan etid la, yo pral afekte w pa tiraj osò pou w resevwa swa medikaman etid ksperimantal la oswa yon plasebo. Yon plasebo sanble egzakteman ak medikaman etid eksperimantal la, men li pa gen okenn engredyan aktif nan li.

Kijan yo pran medikaman etid eksperimantal la?

Medikaman etid eksperimantal la vini sou fòm konprime epi yo pran l nan bouch yon fwa pa jou.

Èske m ka patisipe?

Si w gen maladi ren kwonik epi w gen plis pase 18 lane, ou ka petèt anmezi pou w patisipe, sa k ap ede ogmante konesans sou maladi ren kwonik epi pèmèt gen posiblite pou kreye tretman pou moun ki afekte ak maladi ren. Ou ka reponn kèk kesyon pou wè si w ranpli kèk nan kritè yo.

Enterè pou patisipe nan etid rechèch klinik sa a, yo akeyi li pou tout moun ki ranpli kondisyon etid la, kèlkeswa sèks, jennda, oryantasyon seksyèl, ras, oswa relijyon.