NOW ENROLLING PHASE 3

Now Enrolling Phase 3

Kesyon moun
poze souvan

Ou gen kesyon, nou gen repons yo.

Etid rechèch klinik AMPLITUDE la

Etid rechèch klinik yo gen nan yo teste tout tip tretman, sa gen ladan medikaman etid eksperimantal ak aparèy medikal. Tout tretman eksperimantal yo dwe sibi rechèch an pwofondè anvan yo pèmèt itilize yo pou swen medikal pou moun k ap viv avèk yon maladi byen presi. Tretman eksperimantal yo teste toudabò nan yon laboratwa, apresa etid rechèch klinik dewoule pou konprann kijan tretman eksperimantal sa yo ka afekte moun yo ak maladi moun yo genyen.

Etid rechèch klinik yo ka fèt nan anpil kote, sa gen ladann lopital, inivèsite, kabinè doktè ak klinik kominotè. Kote a depann de chèchè ki ap dirije etid la nan zòn ou an. Kèk randevou etid kapab anmezi tou pou fèt lakay.

Byenke dire patisipasyon nan etid la gendwa varye ant patisipan yo, yo estime tout etid rechèch klinik AMPLITUDE la pral dire jiska 4 ane. Pral gen plis randevou nan premye kèk semèn yo nan etid la. Apre sa, w ap gen yon randevou pwograme apeprè chak 8 semèn. Doktè etid la ak estaf li pral pataje plis enfòmasyon sou kantite vizit ak tan ki nesesè pou w patisipe.

Si w patisipe nan etid rechèch klinik AMPLITUDE la, ou pral swa resevwa medikaman etid eksperimantal la oswa yon plasebo. Yon plasebo sanble tèt koupe ak medikaman etid eksperimantal la, men li pa gen okenn engredyan aktif nan li epi li pa gen prevwa pou l gen yon efè medikal. Yo itilize plasebo yo dekwa pou chèchè yo ka di si se medikaman etid eksperimantal la ki gen yon enpak. Yo se yon pati enpòtan nan etid la, epi ou pral pote yon chanjman kanmenm nan rechèch sou maladi ren kwonik si w pran plasebo a.

Non, pa gen okenn engredyan ki sot sou bèt nan medikaman etid eksperimantal la oswa nan plasebo a.

Apeprè 466 moun pral patisipe nan etid rechèch klinik sa a.

Kèk nan evalyasyon ak tès ki ka genyen nan randevou w yo gen nan yo:

  • Kesyonè sou tèt ou ak sou sante w
  • Egzamen fizik yo (tankou mezi pwa ak mezi tansyon)
  • Evalyasyon kè yo (ECG)
  • Echantiyon san ak echantiyon (pipi) irin
  • Tès gwosès yo (si ou kapab vin ansent)

Anvan w kòmanse etid rechèch klinik la, yo pral eksplike w tout detay sou tès ak pwosedi ki genyen nan randevou yo nan etid la.

Ekip etid rechèch klinik ou a pral eksplike w responsablite w yo, epi yo pral gen nan yo:

  • Asiste tout randevou etid rechèch klinik yo jan yo prevwa epi konfòme yo avèk pwosedi ak tès etid yo.
  • Enfòme doktè etid la sou pwoblèm medikal ou genyen (yo) ak sou istwa medikal ou epi fè doktè etid ou an konnen nenpòt sipleman sou preskripsyon, san preskripsyon oswa sipleman abaz plant w ap pran oswa ou te pran resaman.
  • Enfòme doktè etid ou an imedyatman si w kòmanse santi w pa byen oswa si w gen nenpòt efè segondè, menm si ou pa panse sa gen rapò avèk etid rechèch klinik la.
  • Enfòme doktè etid ou an si adrès ou oswa nimewo telefòn ou chanje, dekwa pou l kapab rete an kontak avèk ou pandan etid la.

Ka gen kèk risk nan patisipasyon, swa akòz medikaman etid eksperimantal la oswa akòz kèk nan evalyasyon ak pwosedi yo. Anvan w patisipe, ou pral resevwa yon Fòm Konsantman Reflechi ki dekri tout detay sou risk ki genyen yo. Epitou doktè etid ou an ak pèsonèl etid la ap kapab pou reponn nenpòt kesyon ou ka genyen.

Pèsonn pa konnen si patisipasyon nan etid rechèch klinik AMPLITUDE la pral ede w. Enfòmasyon yo jwenn nan rechèch sa a ka bay enfòmasyon itil ki ta ka anfennkont ede moun ki gen maladi ren kwonik.

Ou ka sispann patisipe nan etid rechèch klinik AMPLITUDE la nenpòt lè; pou fè sa, w ap enfòme doktè etid ou an — yo rele sa dwa pou sòti. Doktè etid la ka anpeche w patisipe tou nenpòt ki lè pou divès kalite rezon, ke yo pral eksplike w plis anvan w patisipe.

Ou ka resevwa konpansasyon pou tan ou anrapò avèk etid la. Yon manm ekip etid la pral ba w tout detay sou konbyen lajan yo ka ranbouse w.

Tès oswa vizit yo ki asosye ak etid la pa pral gratis pou ou. Yo ka ranbouse w pou depans ki nesesè pou patisipe nan etid rechèch klinik la, tankou transpò ak repa. Yon manm ekip etid la pral ba w tout detay sou konbyen lajan yo ka ranbouse w.