NOW ENROLLING PHASE 3

Now Enrolling Phase 3

Èske yon etid rechèch klinik bon pou mwen?

Se ou ki pou deside.

Desizyon pou w patisipe nan yon etid rechèch klinik se desizyon pa w li ye. Ou ka pran tout kantite tan ou bezwen pou w pataje nenpòt nan enfòmasyon sou etid rechèch klinik la avèk fanmi w, zanmi w, epi doktè w, pou ou ka diskite sou opsyon ou genyen yo epi santi w gen sipò ak desizyon ou an. Ou ka chanje lide tou nenpòt lè pandan etid la si w deside li pa bon pou ou.

Mwen enterese — èske m kapab patisipe nan etid rechèch klinik AMPLITUDE la?

Reponn kèk kesyon pou konnen si w ka kalifye. Pou patisipe nan etid rechèch klinik AMPLITUDE la, gen sèten kondisyon ou dwe ranpli. Pou konnen si w ranpli kèk nan kritè yo, ou ka klike sou kòmanse pou w ranpli kesyonè a. Tanpri reponn nan meyè fason ou kapab epi on fwa w fini, yon moun nan ekip nou an ap kontakte w.

Enterè pou patisipe nan etid rechèch klinik sa a, yo akeyi li pou tout moun ki ranpli kritè yo, kèlkeswa sèks, jennda, oryantasyon seksyèl, ras, oswa relijyon.