NOW ENROLLING PHASE 3

Now Enrolling Phase 3

Konnen ren ou yo epi maladi ren kwonik ou

Anpil moun ki gen maladi ren kwonik pa konnen yo genyen l. Fè yon koudèy sou nan enfòmasyon kle yo apwpo ren ak maladi ren kwonik anba la a.

Reyalite kle apwopo ren yo

Konnen ren ou yo

Pifò moun genyen de ren, chak apeprè gwosè yon ponyèt mare. Yo sitiye sou chak bò kolòn vètebral la nan nivo ki pi ba a nan kaj torasik la.

Travay prensipal ren an

  • Retire fatra nan kò a pou pwodui pipi
  • Kenbe ekilib likid nan kò a
  • Kontwole tansyon
  • Favorize zo solid ak an sante

Maladi ren kwonik rive lè ren yo pa fonksyone jan yo sipoze fonksyone. Sa ka lakòz:

  • Pèt pwa ak move apeti
  • Cheviy, pye, oswa men anfle i
  • Souf kouti
  • Fatigi

Kòz pwoblèm ren yo

  • Gen anpil kalite maladi ren kwonik avèk diferan kòz
  • Lòt maladi, tankou dyabèt ak tansyon wo, ka lakòz maladi ren
  • Sèten maladi ren egziste nan fanmi yo (tankou maladi ren APOL1 pwovoke)

Kisa maladi ren APOL1 pwovoke ye

  • Maladi ren APOL1 pwovoke se akòz yon sibstans nan kò a ki rele pwoteyin APOL1 an.
  • Nou tout gen pwoteyin APOL1 an; sepandan, moun gen diferans nan ADN yo (materyèl jenetik nan kò nou ki pote enfòmasyon sou fason kò nou fonksyone) ki vle di yo pote yon tip pwoteyin APOL1 ki modifye, ke yo rele yon varyant.
  • Moun ki gen varyant APOL1 gen pi gwo risk pou maladi ren kwonik, men yo poko konnen toujou kijan varyant yo lakòz maladi ren.
  • Sa gen plizyè milye ane, jèn varyant APOL1 te evolye kay moun ki t ap viv nan Afrik Delwès ak Afrik Santral, pou pwoteje yo kont yon maladi parazit yo rele maladi somèy Afriken.
  • Sa vle di varyant APOL1 yo gen plis tandans pou yo rive kay moun ki gen desandan Afriken, sa gen ladan moun ki idantifye yo kòm Afriken Ameriken, Nwa, Karayibeyen, Afriken Sib-Saharyen, ak Latino (Kiben, Meksiken, Pòtoriken, oswa Moun Amerik Disid oswa Amerik Santral).

Kòman pou m konnen si m pote yon varyant APOL1?

Sèl fason pou konnen se pou egzamine ADN ou, nan yon pwosesis ki rele tès jenetik. Etid rechèch klinik AMPLITUDE la gen nan li yon tès jenetik eksperimantal.

Konsènan tès jenetik

Play Video

Etid rechèch klinik AMPLITUDE la ap eksplore yon medikaman etid eksperimantal pou maladi ren APOL1 pwovoke.