NOW ENROLLING PHASE 3

Now Enrolling Phase 3

Èske pwoblèm ren egziste nan fanmi w?

Maladi ren kwonik se yon maladi kouran ki afekte anpil moun nan lemonn antye. Menmsi kèk moun gen yon dyagnostik koni, gen anpil moun tou ki pa konnen yo genyen l. Pou pran kontwòl swen sante ren w jodi a menm, aprann plis sou maladi ren, epitou aprann kimoun ki gen risk epi enpak li ka genyen sou jenerasyon k ap vini yo.

Kisa maladi ren APOL1 pwovoke ye

Gen diferan tip maladi ren kwonik ki gen kòz diferan. Kòz maladi ren APOL1 nan pwovoke se diferans ki genyen nan ADN ou. Kòm ou pataje enpe nan ADN ou avèk fanmi menm san ak ou, sa siyifi maladi ren APOL1 pwovoke ka afekte plizyè moun andedan yon menm fanmi.

Maladi ren APOL1 pwovoke gen plis tandans rive nan kominote Nwa a. Ou ka aprann plis sou maladi ren APOL1 pwovoke isi a.

Aktyèlman, tretman pou maladi ren kwonik yo kapab sèlman kontwole kèk sentòm, pa egzanp tansyon wo. Kidonk, rechèch klinik enpòtan pou etidye tretman ki ka genyen ki ta ka ede amelyore fonksyon ren oswa anpeche li vin pi mal, epitou pou etidye kòz ki alabaz pwoblèm ren kwonik yo. Èske w ta ka patisipe nan etid rechèch klinik AMPLITUDE la pou w bay èd ou?

Play Video